Contact Us

[Creole] Done sou emisyon gaz yo disponib kounye a sou entènèt pou etablisman ki ap transfòme fatra an nnèji nan Miami-Dade

DORAL, Fla. –Covanta, yon lidè nan jesyon materyèl dirab epi ki se youn nan premye founisè ki pote solisyon nan zafè anviwònman, ki bon pou antrepriz yo ak kominote yo, atravè tout Amerik di Nò, te anonse done sou emisyon gaz yo disponib kounye a sou entènèt pou piblik la pou Etablisman Rekiperasyon Resous Konte Miami-Dade nan Doral, Florida., ki trete 1,000,000 tòn fatra ki ta ale nan depotwa ki pwodui metàn chak ane. Enfòmasyon anliy yo disponib nan lang Panyòl epi an Kreyòl Ayisyen.

CAvèk enfòmasyon sa yo ki disponib kounye a sou sit entènèt etablisman an, yo bay kominote Miami-Dade la yon plas vityèl san limit nan sal kontwòl la pou yo ka wè menm done tout lòt operatè yo itilize pou yo kontwole pèfòmans operasyon yo nan etablisman ki tranfòme fatra an enèji yo, ki bay rezidan konte a jesyon fatra yon fason ki fyab e dirab.

Etablisman ki transfòme fatra an enèji yo konvèti fatra ki rete apre yo fin resikle yo pou yo tounen kouran elektrik pou kay ak biznis. Teknoloji sa a detounen fatra pou yo pa ale nan depotwa, ki se yon gwo sous metàn, yon gaz ki konsève chalè nan lè a, ki 84 fwa pi pisan pase gaz kabonik.

"Lè nou rann done sa yo disponib fasilman, nou espere bay kominote Miami ak Doral yo yon santiman konfyans ak fyète paske nou konnen fatra yo ap trete nan etablisman ki ap transfòme fatra an enèji a yon fason dirab epi ki san danje," selon Tequila Smith ki nan Covanta ki ap dirije etablisman konte a posede a. "Anplis de sa, nou espere piblik la ap apresye kontribisyon pozitif teknoloji pou transfòme fatra an enèji a nan zafè diminye rechofman klimatik, ogmante resiklaj epi k ap mennen nou nan objektif nou gen pou klima a."

Kapasite pou nou toujou ap siveye nivo emisyon gaz yo se yon zouti enpòtan ki pèmèt nou detèmine si yon etablisman ki ap transfòme fatra an enèji respekte limit emisyon gaz estrik ki tabli nan pèmi fonksyònman li a, ki etabli an akò ak Lwa federal pou yon Bon Kalite Lè Pwòp ak egzijans regilasyon estrik Florid yo. Yo te toujou rekonèt etablisman Dade la pou travay eksepsyonèl li ap fè yo, tankou sètifikasyon Pwogram Pwoteksyon Volontè Star OSHA a, epi li fonksyone anba limit emisyon gaz yo tabli nan pèmi fonksyònman an.

“Etablisman Covanta Dade la rann kominote ak anviwònman nou an yon sèvis vital. Chak ane, yo konvèti fatra ki soti nan kay ak nan biznis ki nan konte a pou yo bay ase kouran elektrik san kanpe pou klere 25,000 kay pandan yon ane. An menm tan, nou redui kantite gaz ki konsève chalè nan lè a nan anpeche 593,000 tòn ladan yo monte nan lè a - ki se ekivalan ak retire 116,000 machin sou wout yo,” selon Michael Fernandez ki nan Konte Miami Dade te deklare. “Piblikasyon done Covanta yo san rete montre transparans ak responsablite solisyon dirab sila a genyen.”

Avèk 10 etablisman li yo atravè tout eta a, Florid depann de transfòmasyon fatra an enèji plis pase nenpòt lòt eta nan peyi a pou yon jesyon fatra minisipal solid, ki fèt an sekirite epi ki respekte anviwònman an yon mannyè responsab. Tout ansanm, etablisman yo rive diminye emisyon gaz ki konsève chalè nan lè a nan retire plis pase 6,5 milyon tòn gaz kabonik. Etablisman yo resikle 212,000 tòn metal chak ane, se ase pou konstwi 156,000 machin.

Konsènan Covanta

Covanta se lidè nan zafè jesyon materyèl dirab pandan li ap founi solisyon nan zafè anviwònman bay biznis yo ak kominote yo atravè tout Amerik di Nò. Atravè rezo etablisman li yo ak sèvis wòdpòte li founi yo, Covanta se yon patnè inik pou fè fas ak defi nan zafè anviwònman, ki difisil anpil jounen jodi a. Pou plis enfòmasyon, vizite sit entènèt covanta.com.

Kontak pou Medya

Nicolle Robles

Nrobles@covanta.com

(862) 345-5245

 

 

 

Previous Next

Categories

Past Press Releases